Komite Tematik Edikasyon ak Sansibilizasyon Piblik la, bra teknik Seretarya Pèmanan k ap Jere Risk ak dezas la, fè Twouso kominikasyon ak pledwaye pou jesyon risk ak dezas an Ayiti a, pou Sistèm Nasyonal k ap Jere Risk ak Dezas ak sipò OXFAM GB. Plizyè patnè bay kout men teknik nan travay sa.
Depi ou chwazi sèvi ak pwogram sa a, sa vle di ou dakò pou ou respekte règ ak kondisyon lalwa ki ekri pi ba yo.
SNGRD ak OXFAM pèmèt itilizasyon materyèl ki anndan twouso sa a libelibè. Men pou sa, fòk dwa moun ki fè zouti li yo rèspekte epi okenn chanjman pa dwe fèt nan fòm ak nan sa ki anndan li yo. Si gen dout sou jan pou ou itilize yon zouti, pa ezite kontakte òganizasyon ki fè li a. Pèsonn pa gen dwa sèvi ak yon pati oubyen materyèl sa an antye pou fè lajan.
SNGRD, OXFAM ak tout lòt òganizasyon ki pote kole nan monte pwogram sila a, dwe respekte tout obligasyon sa yo tou.
Règ ak kondisyon sa yo chita anba lalwa Repiblik d Ayiti. Se tribinal ayisyen sèlman ki konpetan pou tande tout litij ki gen pou wè ak twouso sa.
Sistèm Nasyonal k ap Jere Risk ak Dezas, se yon ògàn Leta ayisyen, ki reyini plizyè enstitisyon. Li la pou aji sou sa ki ka lakòz risk ak faktè ki ka kreye yo, yon jan pou diminye posiblite pou ta genyen dezas. Li la tou pou ranfòse kapasite peyi a pou bay repons ak bezwen popilasyon an lè gen dezas, nan tout nivo : santral, depatmantal, kominal ak lokal yo.
OXFAM GB se yon òganizasyon charitab ki anrejistre an Ayiti depi 22 oktòb 2002, nan nimewo 000-406-768-9. Se yon konpayi ki genyen garanti limite. Nimewo matrikil li se 612172 nan peyi Angletè epi adrès li se : Maison OXFAM, John Smith Drive, Cowley, Oxford OX42JY. OXFAM GB se manm OXFAM International.
La présente Trousse de communication et de plaidoyer en GRD est réalisée par le Système National de Gestion des Risques et des Désastres en Haïti (SNGRD), à travers le Comité Thématique Éducation et Sensibilisation du Public, bras technique du Secrétariat Permanent de Gestion des Risques et des Désastres, avec l’appui d’OXFAM GB et la contribution technique d’autres partenaires. En utilisant ce programme, vous acceptez de vous conformer aux termes et conditions légaux ci-dessous décrits.
Le SNGRD et OXFAM autorisent la libre utilisation du matériel compilé dans cette trousse à condition que les sources et les droits d’auteur soient respectés et qu’aucune modification ne soit apportée ni à la forme ni au contenu. En cas de doute sur l’utilisation d’un outil, n’hésitez pas à contacter les organisations concernées.
L’usage commercial de tout ou partie du matériel est interdit.
Le SNGRD, OXFAM GB et toutes les autres organisations ayant contribué au programme doivent respecter les mêmes obligations.
Ces termes et conditions sont régis et interprétés conformément aux lois de la République d’Haïti en la matière. Tout litige doit être soumis à la juridiction exclusive d’Haïti.
Le Système national de gestion des risques et des désastres (SNGRD) est l'organe interinstitutionnel de l'Etat haïtien appelé à agir sur les causes et les facteurs qui génèrent les risques afin de réduire les possibilités de désastres. Il a aussi pour mission de renforcer les capacités de réponse aux besoins en cas de désastres à tous les niveaux : central, départemental, communal et local.
OXFAM GB est une organisation caritative enregistrée en Haïti depuis le 22 octobre 2002 sous le numéro 000-406-768-9 et est une compagnie à garantie limitée, immatriculée en Angleterre au N° 612172 et à l’adresse suivante : Maison OXFAM, John Smith Drive, Cowley, Oxford OX4 JY. OXFAM GB est membre d’OXFAM International.